Platfòm nasyonal pwodiktè kafe dayiti kwè se yon bagay ki jis lè palemantè yo vote lwa sou salè minimum nan ki se de san (200) goud. Lè nou konsidere mizè ouvrye ak ouvryèz andedan faktori yo, Platfòm nan soutni san rezèv pozisyon sa a ke palemantè yo te pran, epi mande pou tout moum mete men ansanm pou sove peyi sa a.