Deklarasyon PNPCH pou senkyèm ane ekzistans li

Publié le Mis à jour le

 Pòtoprens 17 oktòb 2013

Platfòm Nasyonal Plantè Kafe d’Ayiti (PNPCH) salye volonte gouvènman an montre pou atake pwoblèm debwazman peyi a ap konnen depi plizyè lane. Nan sans sa a, nou pa bliye Prezidan peyi a te deklare 2013 la, ane avnviwonman an. N ap suiv ak anpil atansayon, angajman Leta Ayisyen fenk pran pou peye dèt Petrocaribe a bay peyi Venezyela, nan bay danre lokal, e pami yo kafe a.

Nou gen gwo enkyetid sou fason filyè kafe a pa ankadre depi lontan.  Lamizè ki tabli kay peyizan yo, maladi ak ravajè k ap touye pye kafe yo, katastwòf natirèl ak absans total Leta nan filyè a, fè nou ap poze tèt nou anpil kesyon. Nou toujou gen nan memwa nou, bèl epòk kote kafe te fè bonè peyi a. Sitou ane 1970 yo, kote Ayiti te konn vann ofisyèlman aletranje plis pase sis san mil (600 000) sak kafe chak ane. Jounen jodi, se anviwon di mil sak nou rive vann, gras ak rezistans plantè fanm kou gason ki deside kenbe la.

Nou tout konnen, gwo wòl kafe jwe nan istwa ekonomik peyi a; nan peye dèt lendepandans, epi soutni anpil fanmi nan rantre lajan pou yo manje epi voye pitit yo lekòl. Lè nou gade mwens pase de (2) pousan kouvèti pyebwa ki rete nan peyi a, se nan zòn ki pwodui kafe yo, nou konprann byen gwo wòl kafe a genyen pou rezoud pwoblèm debwazman peyi a. Men malgre sa a, Leta ayisyen pèsiste pa pran bon desizyon an. Poutan, malgre tout kalamite filyè kafe a ap konnen, kafe ayisyen an gen yon gwo repitasyon o nivo mondyal. Jiskaprezan, prensipal kliyan rezo nou yo nan PNPCH se peyi tankou Itali, Lafrans ak Kanada. Aloske peyi Vyetnam ki dezyèm pi gwo pwodiktè kafe nan lemonn sou menm kontinan ak peyi Japon, sa pa anpeche Japonè yo vin chache kafe ki gen bon gou a jis an Ayiti. Na konprann kisa kafe Ayiti a vle di!

Nou pa ka konprann rezon ki fè Leta ayisyen pa janm reyaji  pou relanse pwodiksyon kafe a, ki se yon pwodui ki senbolize fyète nasyonal nou, e k ap plase Ayiti sou kat mondyal la, nan yon kontèks kote nou vle chanje imaj peyi a. Sa fè nou mal anpil, lè nou gade fason Premye Minis Laurent Lamothe neglije reponn lèt plis pase 20 000 pwodiktè atravè rezo yo te ekri l, sou motivasyon yo pou yo patisipe nan pwogram Petwokaribe a.

Dis (10) lane depi li kreye Enstiti Nasyonal Kafe Ayisyen an, INCAH, ki sanse pwoteje filyè a, poko janm gen plas li nan bidjè Repiblik la, malgre Minis Agrikilti a se prezidan konsèy administrasyon l. Pwodiktè kafe yo abandone, nan yon kontèks kote yon nouvo klas pirat deside mete yo sou kote, pou yo pa benefisye pwodui fòs kouraj yo. Pifò kafe peyi a pwodui pase anba fil pou al vann nan peyi vwazen sou lòt labèl. Leta pa janm reyaji, malgre nou pa janm sispann denonse sitiyasyon sa a. Tout sa ap febli òganizasyon pwodiktè yo, ki, si se pat yo menm, kafe a te disparèt lontan deja nan peyi a.

Pwoblèm sa yo pouse n entèpele Leta ayisyen pou evite jenerasyon kap vini yo, dram tèrib sa a, ki menase aneyanti yo. Poutèt sa, Platfòm Nasyonal Plantè Kafe d’Ayiti (PNPCH) mande:

1-Pou Leta deklare kafe a « Pwodui nasyonal estratejik ». Desizyon sa a ap pèmèt remanbre mòn peyi a ak yon vitès nou pa imajine. Ekonomi peyi a ap pran jarèt, e, lamizè ap wetire kò l lakay anpil plantè. Peyizan an  ap kiltive latè, epi sispann anvayi vil nou yo nan chache lavi.

2-Nou mande, pou tout desizyon k ap pran sou filyè a, pase a travè òganizasyon pwodiktè yo, epi konsidere amelyorasyon kondisyon lavi plantè yo ki se premye may nan chèn nan. Konsa, Leta ap ranfòse kapasite òganizasyon yo.

PNPCH la, se yon chenn solid, kote rezo koperativ ak asosiyasyon plantè ki fòme l yo, detèmine pou yo batay pou remanbre filyè a. PNPCH ap lanse yon apèl bay Prezidan peyi a, ki dwe jwe yon gwo wòl nan pran kokenn chenn desizyon sa a. Nou mande Palmantè nou yo, pou yo konsidere ijans ki genyen an pou fè presyon sou ekzekitif la pou abòde pwoblèm filyè kafe a.

Mezanmi, sitiyasyon an grav! Gen ijans! Li ta, li trè ta! Ann bat pou l pa twò ta!!! Nou vle di nan sans sa a, relans filyè kafe a, pou Ayiti, se yon kesyon lavi ou lanmò! Demen nou kapab bèl oubyen tris, an fonksyon desizyon kap pran sou filyè kafe a. Nou tout konsène, se desizyon lavni tout Ayisyen.

Senk lane depi n ap milite pou remanbre filyè kafe a, nan PNPCH nou reyafime detèminasyon nou pou nou goumen jouk mayi mi. Nap remèsye patnè nou yo ki toujou akonpaye nou. Nou salye devouman yon seri jèn ki deside mache avè n, kote yo mete tan yo ak konpetans yo pou batay la ka rive pi lwen. Tout onè a se pou 41 koperativ ak 18 asosiyasyon nou yo, ki gwoupe plis pase 25 358 pwodiktè kafe nan 7 rejyon ki pwodui kafe ki fè fòs PNPCH la nan peyi a. A travè PNPCH, tout moun sa yo dispoze pou akonpaye Leta nan tout demach li vle pran pou remanbre filyè kafe a.

Kidonk, Pòt PNPCH louvri pou konseye, gide, epi aji avèk otorite yo. Nou gen solisyon pwoblèm debwazman ak kriz ekonomik k ap detwi peyi a. Fè nou konfyans. Sèl sa n ap tann se enplikasyon  tout bon otorite yo nan batay la.

Advertisements

Laisser un commentaire

Entrer les renseignements ci-dessous ou cliquer sur une icône pour ouvrir une session :

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion / Changer )

Image Twitter

Vous commentez à l’aide de votre compte Twitter. Déconnexion / Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion / Changer )

Photo Google+

Vous commentez à l’aide de votre compte Google+. Déconnexion / Changer )

Connexion à %s