Batistè PNPCH

Lakou Damyen, 17 oktòb 2008

KAFE SE KÒD LONBRIT NOU, SE ZANTRAY NOU. KAFE SE RASIN NOU, SE SOUS LAVI NOU.

Mezanmi move tan pare. Si jaden kafe yo kontinye ap deperi nan peyi d Ayiti, nou menm 200 mil plantè kafe ki tabli nan mòn fre yo,  lavni nou ap fennen, ap detwi.

A.  GWO PALTO YO FÈ PIYAY NAN PWODIKSYON KAFE A, JIS YO TWAKA DETWI L.

Pandan plis pase 100 lane, Leta pran taks sou ti kafe nou fè a. Leta  di se pou yo peye dèt Lendepandans, tankou si zansèt nou pat gen tan peye ak swè yo ak san yo, tankou si se pa nan batay nou te rache Lendepandans sa a nan men kolon franse yo. Mezanmi, Papa Desalin, kote ou ye?

Annapre, Leta kontinye pran taks sou kafe a  pou l te ka regle tout zafè li sou do nou. Gwo espòtatè yo souse nou anpil tou jis yo rive rich sou do nou.

Konsa tou, apre yo fin regle zafè yo, anpil gwo espòtatè rale kò yo nan zafè kafe a epi jounen jodia, yon bon pati nan kafe ki pwodwi nan peyi d Ayiti, se gwo espòtatè Dominiken ki vin brote l pou piyay, janbe fwontyè avè l san Leta Ayisyen pa di anyen pou al vann li lòbòdlo kòm kafe dominiken. Mezanmi, pwodiktè kafe yo, anverite nou preske pran nan twa wa.

B. KIJAN SITIYASYON PLANTÈ KAFE YO YE ? : LETA PA BAN NOU OKENN SÈVIS EPI   EKONOMI PEYIZAN YO KRAZE PLAT ATÈ NAN ZÒN PWODIKSYON KAFE YO.

Depi dikdantan n ap plante kafe, n ap sekle jaden kafe nou, n ap pote gwo bidon kafe nou sou tèt pou n al peze yo sou balans espekilatè ak gwo espòtatè. Depi dikdantan y ap ban nou kout balans, y ap pran kafe nou pou 10 kòb, pou 2 gouden.

Pandan tout tan sa a, nou menm pwodiktè kafe ki ap redi pou plante pyebwa, pou tabli plantasyon kafe, nou rete la, san nou pa janm ka leve atè a. Sitiyasyon nou pa janm chanje, okontrè wa di jou an jou sitiyasyon an vle vin pi mal, espesyalman ak yon Lavichè ki gaye nan peyi a poutèt politik baryèlib ki ap fin febli pwodiksyon agrikòl peyi d Ayiti.

Kote nou tabli nan mòn fre yo, fon andedan peyi a, leta pa janm sonje nou fasil pou l bati lekòl ak lopital, pou fè wout. Leta pa janm sonje nou pou l mete bonjan Bank Kredi Agrikòl pou n ka jwenn fon woulman pou n prepare kafe nou kòmsadwa san n pa bezwen al pran kout ponya. Leta pa janm sonje si nou se sitwayen tou nan peyi a ki bezwen gen asirans pou lè move tan kraze jaden nou. Leta pa janm sonje si nou menm peyizan fanm kou gason, nou bezwen jwenn yon chèk pansyon lè nou fin redi tout vi nou pou n travay latè nan kondisyon ki difisil anpil.

Nou menm peyizan, abitan nan mòn, pwodiktè kafe nan 4 kwen Tè d Ayiti, bagay yo rèd pou nou. Bwa ap detwi pou fè chabon, peyizan yo bezwen tè pou pwodwi manje, pou plante pwa, mayi, yanm ak bannann. Pi rèd, nou vin gen yon java ki tonbe sou jaden kafe nou, yon eskolit k ap angrave sitiyasyon an epi ki vle dekouraje nou pou n bandonnen kilti sa a.

Anverite, sitiyasyon an rèd pou nou menm 200 mil pwodiktè kafe, ki nan gran gran majorite  nou, se ti peyizan ki pa gen anpil tè ak anpil resous lajan pou n troke kòn ak katalòg pwoblèm nou sòt detaye yo.

CH. NOU PA SANTI LETA AYISYEN DESIDE TOUT BON VRE PRAN RESPONSABILITE L NAN TABLI YON POLITIK DJANM POU TRAVAY JADEN AK GADINAY BÈT KA REYALIZE NAN BON KONDISYON NAN PEYI D AYITI.

Nou poko janm wè, nan zòn pwodiksyon kafe yo, ki estrateji Leta ap deplòtonnen pou l rive pran men l tout bon vre, san demagoji, pou l kore Gadinaj bèt ak travay jaden nan peyi d Ayiti malgre tout bèl pwomès k ap klewonnen nan  radio san pran souf.

Nou pa santi Leta Ayisyen deside kore tout bon vre pwodiksyon kafe a ki te ka ankouraje nou kenbe plis pyebwa nan mòn fre yo, yon jan pou tè mòn yo pa kontinye degrade piplis toujou.

Nou pa santi gen kont jefò ki fèt pou pèmèt plis kafe al vann lòtbòdlo pou fè plis dola vèt antre nan peyi a ak nan pòch pwodiktè kafe yo.

Gen kèk ti entèvansyon ki fèt sou baz pwojè pou yon tan nan kèk zòn men  pa gen yon bonjan estrikti nasyonal ki monte pou mete aladispozisyon plantè kafe yo, nan tout gwo zòn pwodiksyon yo, yon akonpayman teknik djanm.

D.  PWODIKTÈ KAFE YO FÈK KARE RANFÒSE ÒGANIZASYON YO, SA KI AP PÈMÈT YO  FÒSE LETA KANPE YON POLITIK DJANM POU BAY PWODIKSYON KAFE A JARÈT NAN PEYI D AYITI.

Nou menm pwodiktè kafe nan 4 kwen peyi d Ayiti , nou batay pou kanpe yon Enstiti Kafe Ayisyen ki ta dwe vin kore pwodiksyon kafe a men enstiti sa a vin febli ,youn  deske li pa gen yon bon bidjè men espesyalman deske, malgre li deklare depi plizyè lane deja , kafe a se yon pwodwi estratejik, Leta Ayisyen pa janm tabli yon politik nasyonal pwodiksyon kafe pou tout aktè yo kapab klè sou ki aksyon ki ap mennen epi ki mwayen lajan ak lòt ki ap disponib pou kore zòn pwodiksyon kafe yo ak 200 mil plantè kafe yo, sa ki te ka pèmèt relanse pwodiksyon kafe a nan peyi d Ayiti.

Devan sitiyasyon malouk sa a,  nou menm pwodiktè kafe ki òganize epi ki tanmen ap marande fòs depi plizyè lane,  nan nivo 6 depatman nan peyi a : nan Nò, nan Nòdès, nan Sidès, nan Sid, nan Ba Plato Santral, nan depatman Grandans ak  nan zòn Mòn Kawo/ Latibonit,  nou pa deside bay legen, nou pa deside koupe pye kafe yo pou n fè chabon epi plante pwa ak mayi.

Jounen jodia a nou gen 6 platfòm rejyonal pwodiktè kafe ki kanpe djanm nan nivo depatman : Nò, Nòdès, Ba Plato Santral, Sid, Sidès,Grandans epi travay kanpe platfòm rejyonal yo ap rapouswiv, espesyalman nan Mòn Kawo/Latibonit. Chak platfòm rejyonal fòme ak anpil òganizasyon pwodiktè kafe (gwoupman plantè, rezo kooperativ elatriye).

E.  POU NOU KAPAB NEGOSYE AK LETA AYISYEN NAN NON 200 MIL PLANTÈ KAFE YO, FÒK NOU TABLI YON  PLATFÒM NASYONAL REVANDIKASYON AK MOBILIZASYON.

Nou konnen si nou rive fòse Leta Ayisyen pran responsabilite l, si nou chita ak li nan nivo yon estrikti nasyonal pou n prezante l revandikasyon nou, pou n fè l pwopozisyon aksyon, nou konnen kafe a ka tounen yon boul lò pou nou ak pou peyi d Ayiti etan jaden kafe yo ap ride kenbe tè mòn yo epi pwoteje pwoteje anviwònman nou.

Pou Leta pran revandikasyon nou oserye, nou menm 200 mil plantè kafe peyi d Ayiti, fòk nou rive gen yon pouvwa mobilizasyon  ak negosiyasyon ki djanm. Apre plizyè plizyè lane, nou ap brase lide ansanm, nou deside moman an rive pou tout platfòm pwodiktè ki tabli nan divès rejyon yo mache kontre pou nou  tounen yon gwo fòs, yon sèl fòs.

Fòk nou ka gen yon sèl gwo kaye revandikasyon  pou n prezante devan Leta. Fòk nou ka fè Leta yon seri pwopozisyon aksyon ki mache  nan menm direksyon, dapre yon menm vizyon.

Se pou tout rezon sa yo, jou 17 oktòb 2008 sa a, nan okazyon premye Kongrè Nasyonal Pwodiktè Kafe  peyi d Ayiti, nou menm delege ki reprezante 5 platfòm rejyonal ki deja tabli yo  ak delege ki reprezante platfòm Grandans lan ki an fòmasyon, nou deside mare fòs nou ansanm pou n kanpe «  Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen » an  pou n defann enterè tout 200 mil plantè kafe peyi  d Ayiti. Yon lòt pa, kreyasyon Platfòm Nasyonal sa a ap  ban nou posibilite pou n   pote kontribisyon nou ak lòt sitwayen ak sitwayèn pou n refè eskanp figi  agrikilti peyi nou epi pwoteje , nan mezi nou kapab , anviwònman peyi d Ayiti ki ap depafini.

F.  KÈK MAKFABRIK PLATFÒM NASYONAL PWODIKTÈ KAFE AYISYEN AN:

1. « Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen » an se yon platfòm ki kanpe ak òganizasyon pwodiktè/plantè kafe epi kote, se plantè/ pwodiktè kafe sèlman ki kapab manm divès enstans direksyon li.

2.  « Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen an » pa gen dwa mare nan pye tab  okenn pati oswa mouvman politik oswa  gen okenn makònay ak  kèlkanswa relijyon an. Kidonk Platfòm sa a pa la pou li kore kèlkanswa kandida oswa gouvèman. Se yon Platfòm ki granmoun tèt li men ki ap mache dapre dizon majorite delege ki reprezante Platfòm Rejyonal yo.

3.  « Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen an » dwe adopte yon mòd fonksyònman demokratik sa vle di jan enfòmasyon yo ap trete epi jan desizyon yo ap pran, dwe swiv prensip ki mande pou toujou gen  yon patisipasyon laj ant òganizasyon manm yo nan divès nivo (lokal, rejyonal, nasyonal).

4. « Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen an » pa la pou li fè benefis lajan.

5. « Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen an » pa fòme ak pwodiktè kafe ki gaye oswa ak òganizasyon kafe degrennen. Platfòm Nasyonal la  fòme ak yon seri Platfòm Rejyonal (oswa depatmantal) ki yo chak regwoupe/marande divès kalite òganizasyon pwodiktè/ plantè kafe nan nivo gran rejyon pwodiksyon kafe nan peyi d Ayiti. Se Platfòm Rejyonal sa yo ki kapab vin manm Platfòm Nasyonal la sizoka yo dakò ak Misyon epi objektif  Platfòm nan tabli nan Batistè sa a (nan seksyon G. ki annapre a).

Pou yon Platfòm Rejyonal kapab vin manm Platfòm Nasyonal la, fòk li pataje epi pran angajman respekte prensip Jistis ekonomik, sosyal ak kiltirèl epi dakò respekte Anviwònman peyi d Ayiti (wè seksyon I. annapre).

Nan moman premye tablisman li (fondasyon li), « Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen an » ap gen 6 manm : 5 manm fondatè ki se Platfòm Rejyonal Nò, Nòdès, Ba Plato Santral, Sidès ak Sid epi yon manm asosye ki se Rejyon Grandans lan ki se yon platfòm rejyonal an konstriksyon.

6. « Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen » an  deside tabli nan tout peyi a, espesyalman nan gran rejyon ki pwodwi kafe toujou men tou, li kapab vin tabli prezans li nan tout lòt rejyon kote pwodiktè agrikòl yo ta deside devlope kilti kafe a.

7.« Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen » an tabli pou yon tan ki pa gen limit depi pou piti, gen 2 Platfòm Rejyonal Pwodiktè Kafe ki tava toujou dakò marande fòs yo ak resous yo pou li rive kenbe.

G.  KI MISYON PLATFÒM NASYONAL PWODIKTÈ KAFE AYISYEN AN AP RAPOUSWIV EPI KI PWOBLEM KI MAKÒNEN AK MISYON LI, LI VLE RIDE REZOUD ?

1. Misyon prensipal « Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen an » se defann enterè tout plantè/ pwodiktè kafe nan peyi d Ayiti, yon mannyè pou dwa ekonomik ak sosyal yo respekte kòmsadwa.

2. « Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen an » ap gen pou  fè yon travay pledwaye ak negosiyasyon pou fòse Leta kanpe yon Politik Nasyonal Kafe ki pèmèt defann dwa pwodiktè kafe yo  etan li nan avantaj tout peyi a.

3. « Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen an » kapab reprezante platfòm rejyonal pwodiktè kafe yo bò kot tout òganis piplik oswa prive nan nivo nasyonal oswa entènasyonal  epi negosye ak òganis oswa enstans sa yo nan kad misyon prensipal ki fè Platfòm nan kreye (defann dwa plantè kafe ayisyen yo).

4. « Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen an » dwe, nan limit kapasite li, fè pwomosyon, nan peyi d Ayiti tankou nan peyi etranje , pou kafe Ayisyen ki gen bon kalite, kit kafe lave , kit kafe pile.

5. « Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen an  gen pou kore, ranfòse kapasite  divès platfòm rejyonal yo, yon mannyè pou platfòm sa yo  kapab mennen yon seri aksyon presyon ak pledwaye (negosiyasyon) ak Leta epi /oswa ak  lòt aktè nan objektif pou rapouswiv misyon prensipal li nan 4 kwen peyi a.

6. « Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen an » gen pou travay men nan men ak platfòm rejyonal yo pou egzije Leta  tabli kondisyon ki kapab pèmèt relanse pwodiksyon yon kafe Ayisyen ki gen bon kalite etan kalite lavi pwodiktè kafe yo garanti tou.

7.  « Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen an » ap gen pou ankouraje tou echanj eksperyans, enfòmasyon ak teknik ant divès platfòm rejyonal yo.

8. « Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen an » ap gen pou òganize sou yon baz regilye, yon seri brase lide ant  manm divès platfòm rejyonal yo pou  nou rive gen yon sèl dizon sou ki revandikasyon n ap gen pou n prezante devan Leta nan chak konjonkti epi pou fè yon seri pwopozisyon bay Leta pou li rive adopte yon politik nasyonal Kafe oswa pou li pote chanjman nan politik sa a.

Kidonk,  « Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen an » ap yon fòs epi yon zouti pou fè pwopozisyon ak analiz. Kòm òganizasyon nasyonal ki regwoupe anpil òganizasyon pwodiktè kafe, li ta dwe vin gen yon pouvwa ki rekonèt nan divès enstans kote dezisyon ap pran sou zafè Kafe Ayisyen an, kit nan nivo pwodiksyon, kit nan nivo transfòmasyon ak komèsyalizasyon.

9.  « Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen an » gen pou tabli alyans ak lòt platfòm pwodiktè agrikòl oswa mouvman peyizan pou ansanm, yo kapab chache altètativ ekonomik ki ka pèmèt devlopman popilasyon peyizan yo nan diyite. Kidonk li dwe travay, nan limit Manman Règleman li fikse pou l ranfòse ekonomi peyizan yo ak ti pwodiksyon riral yo epi espesyalman anviwònman zòn kafe yo etan li ap chache, nan negosiyasyon ak Leta, pou Leta  garanti yon pi bon nivo sekirite sou tè yo.

10. Sou baz menm prensip defans enterè pwodiktè agrikòl peyizan yo, espesyalman pwodiktè/ plantè kafe yo, « Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen» an  gen pou li kenbe kontak epi fè brase lide nan mezi posibilite li ak dives Rezo oswa Platfòm pwodiktè agrikòl oswa pwodiktè kafe nan nivo entènasyonal (rejyonal, kontinantal ak mondyal).

11. « Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen » an kapab chache sous finansman epi  negosye kredi nan benefis platfòm rejyonal oswa òganizasyon pwodiktè ki manm yo. Menm jan tou, Platfòm Nasyonal la kapab chache debouche pou òganizasyon pwodiktè kafe yo vann kafe yo nan pi bon pri  men, nan okenn ka, li pap gen dwa reyalize nan non òganizasyon sa yo, okenn tranzaksyon finansye oswa okenn tranzaksyon komèsyal.

« Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen » an pa yon antrepriz komèsyal oswa finansye. Poutèt sa, li dwe kite antrepriz pwodiktè kafe yo kanpe (tankou koperativ yo ak rezo koperativ yo)   fè tranzaksyon sa yo menmsi  Kòdinasyon Nasyonal la ak Komite Egzekitif  Platfòm Nasyonal la kapab bay òganizasyon manm yo konsèy oswa yon bourad teknik pou falisite operasyon sa yo, nan mezi posibilite 2 enstans direksyon sa yo.

I.  PLATFÒM NASYONAL PWODIKTÈ KAFE AYISYEN AN DEKLARE LI VLE TRAVAY POU FÈ RESPEKTE PRENSIP JISTIS SOSYAL AK EKONOMIK EPI POU FÈ RESPEKTE ANVIWÒNMAN NOU AK TOUT VALÈ KI POZITIF NAN KILTI PEYIZAN AYISYEN AN.

« Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen» an ap patisipe nan mache pwodwi agrikòl yo (nan nivo nasyonal ak entènasyonal) men li kwè nan echanj komèsyal ki respekte jistis ekonomik. Poutèt sa li ap deklare, li gen pou travay , ansanm ak platfòm rejyonal yo, pou pwodiktè kafe yo epi tout pwodiktè agrikòl yo an jeneral, pa esklav mache a men toujou kenbe kòm bousòl respè ak defans dwa  ekonomik, sosyal ak kiltirèl  pwodiktè/ plantè kafe ak fanmi yo epi respè ak defans anviwònman zòn pwodiksyon kafe yo.

J. RATIFIKASYON / APWOBASYON BATISTÈ SA A TOU KONSAKRE EGZISTANS DEFINITIF « PLATFÒM NASYONAL PWODIKTÈ KAFE AYISYEN».

Depi tout 6 Rejyon oswa Platfòm Rejyonal Pwodiktè Kafe ki prezan nan Kongrè sa a siyen batistè fondasyon sa a, “Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen” an tou pran nesans nan okazyon premye Kongrè Nasyonal la. Se 18 (dizwit) reprezantan òganizasyon pwodiktè kafe yo ki ap siyen nan non tout delege ki nan Kongrè a Batistè Fondasyon sa a ki ap pèmèt Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen an egziste tout bon vre. Senk Platfòm Rejyonal yo: Nò, Nòdès, Ba Plato Santral, Sidès ak Sid ak gen yo chak 3 delege ki siyen Batistè sa a epi delegasyon Grandans lan ap gen tou 3 delege ki ap siyen li.

K.  CHAPANT AK MÒD FONKSYÒNMAN PLATFÒM NASYONAL PWODIKTÈ KAFE A AP DETAYE NAN YON MANMAN RÈGLEMAN PLATFÒM REJYONAL YO AP GEN POU APWOUVE.

Misyon Platfòm sa a, objektif l ap gen pou rapouswiv, aktivite li ap kapab reyalize ak chapant k ap pèmèt li fonksyone ap detaye nan yon Manman Règleman , 6 platfòm rejyonal  ki deja egziste yo ap gen pou apwouve. Depi delege 6 platfòm rejyonal yo fin apwouve Manman Règleman sa a, li ap tounen yon Kad Referans, ansanm ak Batistè sa a pou tout moun kapab konnen sou ki kadans Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen an ap mache, ki pouvwa li genyen ak limit li.

Manman Règleman ki pou detaye tout Règ Jwèt pou tablisman definitif ak  fonksyònman nòmal Platfòm Nasyonal  Pwodiktè Kafe Ayisyen an dwe fin diskite epi apwouve pou antre an aplikasyon nan yon tan ki pa depase 45 jou apre reyalizasyon Kongrè sa a.

L. ANTANT 6 REJYON OSWA PLATFÒM REJYONAL YO RIVE TABLI POU KANPE YON KÒDINASYON NASYONAL AK YON KOMITE EGZEKITIF KI POU JERE MACH PLATFÒM NASYONAL LA.

Pou pran tout desizyon ki pou garanti Platfòm Nasyonal la tanmen ap travay pou li jwe wòl li, sa vle di ranpli Misyon prensipal ki fè li tabli a epi tanmen rapouswiv divès objektif ak aksyon ki detaye nan seksyon  G. Batistè sa a, 6 Platfòm Rejyonal oswa Rejyon yo deside kanpe, nan kad Kongrè sa a , yon Kòdinasyon Nasyonal 18(dizwit)  manm ki ap pote non Asanble Delege. Se enstans sa a ki ap jwe wòl Direksyon Platfòm Nasyonal la. Jan te gen tan gen dizon pou sa :

  • chak nan 6 Rejyon yo ap delege 3 reprezantan nan Kòdinasyon Nasyonal sa a.
  • pou yon reprezantan  Platfòm Depatmantal vin manm Kòdinasyon Nasyonal la , Rejyon an dwe byen verifye davans  ke delege ki chwazi a ranpli 2 kondisyon ki obligatwa : fòk li se yon plantè/pwodiktè kafe wè pa wè epi fòk li se  manm aktif yon òganizasyon pwodiktè/plantè kafe nan rejyon li vin reprezante a.
  • Pou pi piti youn nan 3 delege pa rejyon, dwe yon fanm

Kòdinasyon Nasyonal sa a monte pou 2(de) lane.

Lè Kòdinasyon Nasyonal la fin monte, 18 delege ki fòme enstans sa a ap chwazi nan kad yon eleksyon entèn, 7(sèt) pami yo pou vin fòme  yon Komite Egzekitif Nasyonal ki ap gen pou  garanti/asire, dapre yon plan aksyon ki gen pou tabli, swivi ak egzekisyon desizyon Kòdinasyon Nasyonal la  pran. Toujou nan kad yon eleksyon entèn, Kòdinasyon Nasyonal la ap deside ki fonksyon chak nan 7 manm Komite Egzekitif Nasyonal la ap jwe. Ap gen Yon Koòdonatè, yon Kòdonatè annapre, yon  Sekretè, yon Trezorye, yon Pòtpawòl ak 2 Konseye.

Se Komite Egzekitif ki ap monte nan kad reyalizasyon Kongrè Nasyonal sa a ki ap gen pou kondwi epi fè rive nan bout li pwosesis swivi/ratifikasyon  Manman Règleman ki ap fikse tout baliz ak règ jwèt ki pou detaye kijan pou

« Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen» mache. Jan sa presize déjà, fòk Manman Règleman sa yo ratifye epi tanmen ap aplike, 45 jou pou piplis apre dat reyalizasyon kongrè sa a.

Annatandan ratifikasyon Manman Règleman yo, se Batistè sa a, lè li fin ratifye ki ap gide nouvo dirijan Platfòm Nasyonal la ak òganizasyon pwodiktè ki manm yo pou yo kapab konnen kijan, sou ki chimen epi nan ki direksyon pou yo mache.

Batistè sa a fèt nan lakou Damyen, nan okazyon premye Kongrè Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen, nan dat 17 oktòb 2008 ki fè 204 lane depi peyi Ayiti ak Pèp Ayisyen te  deklare yo  pran dwa grandèt majè yo  kòm Nanchon.

Ochan pou defen Lanperè Janjak Desalin, Ochan pou tout peyizan fanm tankou gason espesyalman plantè kafe yo  ki ap reziste, ki ap redi depi dikdantan pou kenbe Nanchon sa a vivan.

Nou menm 18 delege ki siyen batistè sa a epi ki sòti  nan 4 kwen peyi d Ayiti, nou  pran angajman nan non tout òganizasyon pwodiktè kafe ki kanpe Platfòm Nasyonal sa a jounen jodia pou nou pa janm kite jèm divizyon antre nan mitan nou, yon mannyè pou nou defann enterè 200 mil plantè kafe ki ap debat pou kenbe jaden kafe yo djanm. Inite sa a nou tanmen tabli nan nivo nasyonal, ap pèmèt nou pote kontribisyon pa nou nan konstwi chimen lavni epi fè Lavi fleri  pou  tout pitit Tè d Ayiti.

Men paraf reprezantan  chak 6 rejyon yo kòm prèv yo  dakò ak tout sa ki detaye nan Batistè ki bay Lavi a « Platfòm Nasyonal Pwodiktè Kafe Ayisyen» an :

Pou Platfòm Rejyonal Pwodiktè Kafè Nò:

1. ST-VIL Lavalette _______________________________________

2. ST- MARTIN Wilfrid ________________________________________

3. ALOUIDOR Claudiane   ___________________________________

Pou Platfòm Rejyonal Pwodiktè Kafè Nòdès:

4. ST-FLEUR Milius ________________________________________

5. FISMA Aniquita ________________________________________

6. GUERRIER Orilès           ____________________________________

Pou Platfòm Rejyonal Pwodiktè Kafè Ba Plato Santral:

7. JOSEPH Daril ________________________________________

8. CÉRAME Michet ________________________________________

9. DELVA Idamène Jinnah   __________________________________

Pou Platfòm Rejyonal Pwodiktè Kafè Sidès:

10. MERISIER Frito ________________________________________

11. ST-LOUIS Salnave _________________________________________

12. SAINT- VICTOR Suzanne __________________________________

Pou Platfòm Rejyonal Pwodiktè Kafè Sid:

13. SAINTIMA Louinor ________________________________________

14. RÉNOUS Robert ________________________________________

15. HENRI Sargelin                   ___________________________________

Pou Rejyon Grandans:

16. JOURNAL Ogisna ________________________________________

17. PAPILLON Ertha C. ________________________________________

18. JEAN PIERRE Eliès ________________________________________

Φ Φ Φ Φ Φ Φ Φ Φ Φ Φ Φ Φ Φ Φ Φ Φ Φ Φ Φ Φ Φ Φ Φ Φ Φ Φ Φ Φ Φ Φ Φ Φ

Advertisements

Une réflexion sur “Batistè PNPCH

    Marlon a dit:
    13 février 2014 à 17:37

    Mutual Heights, the development’soriginal name, emerged as
    a dynamic atmosphere oof change in Durham, in North Carolina,
    and throughout the South in thhe early 1950s, as African Americans, returning from fighting in World War
    II, for example, and getting their feet weet in other new and exciting
    experiences, aimed for higher expectationns aand the accompanying amenities.
    Such profile of mobile phone deals is not accwptable too tramps.

    Cooking the waterr might be a frequent household emergency method.

Laisser un commentaire

Entrer les renseignements ci-dessous ou cliquer sur une icône pour ouvrir une session :

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion / Changer )

Image Twitter

Vous commentez à l’aide de votre compte Twitter. Déconnexion / Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion / Changer )

Photo Google+

Vous commentez à l’aide de votre compte Google+. Déconnexion / Changer )

Connexion à %s